ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY LaLiga

LaLiga

Pou jounen Liga yè samdi a, sanble teren yo te chaje ak pwav

imaj atik la

21 septanm 2025   Neuvième Junior   764

Yè samdi a, Liga espanyòl la te kontinye ak 5èm jounen an aprè Real Betis te genyen (3-1) Real Sociedad nan match ouvèti jounen an vandredi a. Yon jounen boul ki te gen anpil katon wouj.


Pou kontinye, te gen 5 rankont planifye pou bay plezi ak fanatik foutbòl. Nan maten, Girona te konnen yon fo pa (4-0) anfas Levante. Real Madrid ki te nan lis randevou yo, jwenn rezon sou Espanyol Barcelone (2-0) gras ak Eder Militão ak Mbappé. Rive nan lè midi, Séville al bat Alavés (1-2) lakay li pandan soumaren jòn yo pile Osasuna (2-1). Pou sa te fini jodi a, Valancia ki te pran yon imilyasyon nan men Barça, fè yon bèl viktwa (2-0) sou Athletic Club nan match kloti a.

Youn nan bagay ki atire atansyon nou nan tout match sa yo, se fason sa pase nan 3 match ki jwe sou 5 lan. Byen bonè, sa maten an ki wè Girona pran slap sa, te gen 2 katon wouj pati ladann na 30èm ak 46èm minit. Katon sa yo te rann tach la pi fasil pou Levante. Aprè sa, nou te tann rankont Villarreal la pou wè yon jwè Osasuna kite rankont lan depi nan 40èm minit. Aprè 3 katon wouj ki te bay nan 2 match sa yo, Athletic Bilbao ki sanble pa t satisfè, te fè youn ajoute e sa te bay espas ak Valance ki pa t vle kite sa pase konsa. Total katon wouj nan Liga pou jodi a se 4.
Jodi dimanch lan, Liga ap ofri nou 4 rankont pou senkyèm jounen an. Li rete pou nou swiv kòman sa ap fini ant ekip yo. Nan rankont sa yo, Barça gen pou jwe kont Getafe pandan Atletico Madrid ap deplase pou al jwe fas Mallorca. Lòt match yo se: Rayo Vallecano kont Celta epi Elche vs Real Oviedo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )