ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY Lòt

Lòt

Lajistis espanyòl konvoke 2 ansyen antrenè FC Barcelone

imaj atik la

19 septanm 2025   Benswilkenson Jean   723

Dosye Negreira a poko rive nan bout li, fwa sa lajistis nan peyi Espay konvoke 2 ansyen antrenè klèb Barcelone lan.


Daprè jounal Marca, Lajistis nan peyi Espay konvoke Luis Enrique, ansyen antrenè FC Barcelone (Aktyèl antrenè Paris Saint-Germain) ak Enersto Valverde ansyen antrenè FC Barcelone (aktyèl antrenè Athletic Bilbao) pou vin reponn kesyon sou koze Negriera a.

Kisa dosye Negriera ye?
José María Enriquez Negreira a se non ansyen dezyèm patwon abit espanyòl la (Vis prezidan abitraj espanyòl la), klèb FC Barcelone lan ta bay 7,3 milyon ewo pou enfliyanse desizyon abitral yo sòti 2001 jiska lane 2018.

Selon jounal Marca a, 2 ansyen antrenè sa yo ap gen pou temwanye devan jij Alejandra Gil nan dat 12 desanm ki ap vini la.

Nan dat sa a, prezidan aktyèl klèb la Joan Laporta ak 2 ansyen antrenè sa yo ap gen pou vini reponn kesyon lajistis sou dosye sa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )