Kèk minit aprè Bèljik te kraze Etazini 4-1 nan 16èmdefinal Koup Dimond 2026 la, Thibaut Courtois pa t kache satisfaksyon li. Gadyen Real Madrid la voye yon mesaj byen file bay ameriken yo, pandan li pase tou yon ti pik sou polemik ki te antoure Folarin Balogun nan.
Aprè yon kòmansman konpetisyon ki pa t twò konvenkan ak tout bri ki te fèt sou desizyon FIFA te pran pou leve sispansyon Balogun nan, Dyab Wouj yo reponn sou teren an. Yo domine ameriken yo devan pwòp piblik li epi yo kalifye pou kadefinal la, kote y ap rankontre Espay.
"Mank respè Ameriken yo te montre nou pandan dènye jou yo, nou fè yo peye sa sou teren an. Yo te di nou nou pa menm ekip la ankò e yo t ap bat nou fasil. Wi, match kont Ejip ak Iran yo te difisil, men jodi a nou pwouve nou toujou se yon gwo ekip," se deklarasyon Courtois.
Courtois te tou pwofite pase dosye Balogun nan lan betiz
Anvan match la, anpil pale te fèt sou prezans Folarin Balogun. Atakan ameriken an te sipoze rate match la aprè katon wouj li te pran nan match avan an. Men FIFA te leve sispansyon an pwovizwaman aprè yo te revize dosye a, yon desizyon ki te pwovoke anpil polemik.
Gadyen Real Madrid la deklare
"Lè m wè tout sa yo, sa fè m souri. Mwen konprann yo te vle ogmante antouzyas alantou Etazini. Men mwen te gen plis konfyans nou t ap bat Etazini pase lè nou te pral jwe kont Senegal, paske Senegal se yon ekip ki pi fò pase Etazini".
Courtois fè konnen objektif Bèljik la se te rive nan kadefinal la, epi nenpòt lòt rezilta aprè se ap sèlman yon bonis.
Kounye a, Bèljik pral fè fas ak Espay nan kadefinal. Yon match espesyal pou Courtois, ki di ak yon souri:
"Espay se dezyèm peyi mwen. Men pitit gason m nan ap oblije sipòte Bèljik, sinon li p ap ka retounen lakay li."
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou