Aprè eliminasyon Pòtigal devan Espay (1-0) nan 1/8definal Koup Dimond 2026 la, lavni Cristiano Ronaldo ak seleksyon nasyonal la rete yon gwo kesyon. Jiskaprezan, pèson pa konnen si kapitèn nan pral pran retrèt entènasyonal li oswa si li pral kontinye ak nouvo antrenè ki pral ranplase Roberto Martínez la.
Madi sa, prèske tout gwo jounal nan Pòtigal mete Ronaldo nan premye paj yo. Imaj sa make tout moun se moman kote atakan an t ap kriye aprè defèt la. Record ak Correio da Manhã ki se de gwo jounal pòtigè ekri: "Ronaldo di orevwa ak dlo nan je." Pandan Jounal de Notícias chwazi tit an panyòl: "Adiós", pandan li dekri match la kòm "dènye dans" Cristiano Ronaldo.
Malgre li konfime Koup Dimond 2026 la se dènye Mondyal li, Ronaldo pa t vle anonse tousuit si li pral sispann jwe pou seleksyon Pòtigal la.
"Se te dènye Koup Dimond mwen, men m ap pran tan pou m reflechi sou rès la. Mwen pral pase tan ak fanmi m epi mwen p ap pran desizyon prese. Lavi ap kontinye," se deklarasyon li bay laprès.
Ronaldo fè konnen li pa gen okenn remò, paske li toujou bay tout sa li te genyen pou Pòtigal. Li raple li ede peyi a ranpòte Euro 2016 ak de Lig Nasyon, twa premye gwo trofe nan listwa seleksyon an.
Après match la CR7 te deklare "Mwen pral leve demen ak konsyans mwen anpè. Mwen genyen twa twofe ak Pòtigal. Anvan mwen, Pòtigal pa t janm genyen okenn. Pi gwo tit mwen ak seleksyon an se Euro 2016 la, pou mwen, li gen menm valè ak yon Koup Dimond. Demen se yon lòt jou, lavi kontinye."
Sa pa premye fwa Ronaldo ap reflechi sou fen karyè entènasyonal li. Li te deja fè menm kesyònman an aprè Koup Dimond 2022 ki te fèt Kata.
Lejann lan ki gen 41 lane genyen jiska mwa septanm pou pran desizyon final li. Pòtigal pral kòmanse defann tit li nan Lig Nasyon an 24 septanm, lakay li, kont peyi Galles. Tout je kounye a fikse sou Cristiano Ronaldo pou konnen si li pral kontinye ekri listwa oswa si chapit li ak seleksyon Pòtigal la rive nan fen li.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou