Fas ak Otrich, seleksyon Espanyòl lan konfime estati l kòm youn nan favori pou ranpòte tit Mondyal la, pandan yo fè yon bèl viktwa(3-0) ak anpil otorite nan match 16èmdefinal Koup Dimond 2026 lan.
Depi nan premye minit rankont lan, Wouj yo kòmanse ak stil foutbòl yo abitye jwe an ki se posesyon pandan yo pa t sispann fè balon an pase rapid epi fè yon presin tèt chaje sou advèsè a. Konsa, espanyòl yo toufe yon ekip Otrich ki gen anpil kouraj men ki pa t kapab rivalize ak yo.
Nan dezyèm peryòd la, espanyòl yo ogmante rit jwèt lan ki te pèmèt wouj yo fè kalite kolektif ak efikasite ofansif yo genyen an pale pou yo. Gras ak sa, koyekipye Oyarzabal yo make 3 gòl san bay chans ak otrichyen yo pou fè yon chout kadre. Aprè Oyarzabal ki make 2 gòl, Porro se lòt bitè wouj yo.
Nan rankont lan, milye tèren Espay la rive kontwole jwèt la depi nan kòmansman rive nan fen. Se yo ki bay akselerasyon e kase rit la chak fwa yo vle.
Ak siksè sa, Espay kontinye avanti l nan Mondyal la avèk gwo anbisyon pandan y ap tann advèsè yo ki kapab Kowasi ou Pòtigal. Otrich li menm oblije kite konpetisyon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou