FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

FIFA defann desizyon li pran pou leve sanksyon kont Folarin Balogun nan

imaj atik la

7 jiyè 2026   Gamarck Antoine   4216

Aprè gwo vag kritik ki leve nan mond foutbòl la, FIFA finalman pran pozisyon sou dosye Folarin Balogun an. Enstitisyon entènasyonal la defann desizyon li pran pou pèmèt atakan ameriken an te an jwe uityèmdefinal Mondyal la kont Bèljik malgre katon wouj li te resevwa a.


Nan yon kominike ofisyèl, prezidan Komisyon Disiplin FIFA a fè konnen desizyon an pran selon règleman ki an plas, pandan li ensiste sou endepandans komisyon an.

FIFA fè konnen li pa t efase katon wouj abit la te bay Balogun nan, men li te sèlman sispann aplikasyon sanksyon an pou yon match, sa ki te dwe swiv ekspilsyon an. Daprè enstitisyon an, mezi sa a baze sou atik 27 Kòd Disiplin FIFA a.

« Komisyon Disiplin FIFA a gen otorite pou sispann aplikasyon yon sanksyon disiplinè lè kondisyon yo respekte », se FIFA k ap pale, e li eksplike, pandan li presize desizyon an pa gen okenn lyen ak yon manipilasyon rezilta match.

Dosye a te pran yon lòt dimansyon aprè Donald Trump te konfime li te mande prezidan FIFA a, Gianni Infantino, pou egzamine ankò aksyon ki te lakòz Balogun resevwa katon wouj la.

FIFA raple ka Cristiano Ronaldo pou jistifye desizyon an

Pou apiye desizyon li a, FIFA fè konnen itilizasyon atik 27 la pa yon bagay ki nouvo nan foutbòl. Enstitisyon an site ka Cristiano Ronaldo, ki te deja benefisye yon mezi menm jan an.

Atakan pòtigè a te okòmansman pran yon sispansyon twa match aprè yon gwo kout koud li te bay Dara O'Shea nan yon match kalifikasyon pou Mondyal kote Pòtigal te pèdi 2-0 fas ak Ilann. Men, ekzekisyon de dènye match sispansyon yo te sispann.

FIFA fè konnen revizyon konsekans katon wouj nan foutbòl modèn nan se yon pratik ki egziste deja nan plizyè chanpyona.

« Nan anpil chanpyona premye divizyon peyi manm UEFA yo, anilasyon oswa sispansyon efè yon kat wouj se yon mezi disiplinè ki konn fèt regilyèman, san sa pa janm konsidere kòm yon depasman limit », kominike a mete aksan sou sa.

Komisyon Disiplin FIFA a fini pa ensiste kat wouj Balogun nan pa t retire, men se sèlman efè sanksyon an ki te sispann, daprè dispozisyon ki egziste nan règleman FIFA yo.

Yon desizyon ki kontinye divize opinyon nan mond foutbòl la, pandan FIFA ap eseye defann transparans ak endepandans pwosedi disiplinè li yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou