FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

FIFA pran defans abit Raphael Claus aprè Donald Trump te kritike l

imaj atik la

7 jiyè 2026   Gamarck Antoine   4430

FIFA pran pozisyon pou soutni abit brezilyen Raphael Claus aprè Prezidan ameriken Donald Trump te kritike l poutèt katon wouj li te bay atakan ameriken Folarin Balogun pandan match Etazini kont Bosni-Erzegovin.


Nan yon kominike, FIFA fè konnen Raphael Claus se youn nan pi bon abit pwofesyonèl nan mond lan e li se yon manm enpòtan nan ekip abitraj Koup Dimond lan.

"Pandan tout karyè li, li toujou demontre yon nivo pwofesyonalis ak entegrite ki bay egzanp," FIFA deklare.

Prezidan Komisyon Abitraj FIFA a, Pierluigi Collina, renouvle konfyans li nan Claus.

"Raphael Claus se yon abit ki gen anpil eksperyans e ki jwi gwo respè. Nou kontinye fè l konfyans kòm yon ofisyèl serye."
Anvan sa, Konfederasyon Brezilyen Foutbòl (CBF) te deja pran defans abit la, li te dekri l kòm yon modèl pwofesyonalis. Selon CBF, Claus, ki gen 46 lane, se youn nan pi bon abit k ap dirije match nan mond lan gras ak konpetans teknik li, etik li ak respè li genyen pou jwèt la.

Balogun te resevwa katon wouj nan sèzyèmdefinal la kont Bosni-Erzegovin aprè fot li te fè sou defansè bosnyen Tarik Muharemovic. Sanksyon sa a te sipoze anpeche l patisipe nan uityèmdefinal Etazini kont Bèljik yo pèdi 1-4.

Sepandan, Komisyon Disiplin FIFA a te deside sispann aplikasyon pinisyon an, sa ki pèmèt Balogun jwe match la.
Donald Trump konfime li te rele Prezidan FIFA a, Gianni Infantino, pou mande yon revizyon sou katon wouj la. Entèvansyon sa a te pwovoke anpil kritik nan mond foutbòl la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou