FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Federasyon Foutbòl Peyi Lafrans mande FIFA pou retire Katon pou li tou

imaj atik la

6 jiyè 2026   Gamarck Antoine   2396

Federasyon foutbòl peyi Lafrans (FFF) voye yon demann bay FIFA pou mande anile katon jòn atakan li Michael Olise te resevwa nan fen 8èmdefinal Koup Dimond 2026 la kont Paragwe (1-0).


Aksyon an te pwovoke anpil reyaksyon. Nan yon match ki te difisil ant Lafrans ak Paragwe nan Filadèlfi, Michael Olise te avèti nan 90èm minit aprè yon kontak ak Matías Galarza.

Nan aksyon an, jwè franse a te rale mayo advèsè li san li pa sanble bay okenn kou. Men jwè paragweyen an te tonbe atè, li t ap tòde kòmkwa li ta gen gwo doulè pandan li t ap kenbe figi li.

Abit ouzbèk Ilgiz Tantashev te deside bay Olise katon jòn, yon desizyon ki konsidere kòm enjis bò kote ekip fransè a. Se poutèt sa Federasyon Foutbòl Peyi Lafrans (FFF) deside konteste li devan FIFA.

Pou kounye a, Olise rete anba menas sispansyon pou demifinal la si li pran katon ankò epi Lafrans kalifye aprè kadefinal li kont Mawòk jedi. Pou sipòte demann li, federasyon an ap baze sou analiz videyo match la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou