FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Gianni Infantino anba gwo kesyon aprè yon selebrasyon ki fè anpil moun pale

imaj atik la

7 jiyè 2026   Gamarck Antoine   1115

Prezidan FIFA a, Gianni Infantino, jwenn tèt li nan mitan yon deba aprè yon sèn kote yo wè li ap selebre yon gòl ak anpil emosyon pandan match Ajantin kapVèt la . Imaj yo rapidman fè rezo sosyal yo reyaji, anpil fanatik ap poze kesyon sou fason yon moun ki nan tèt enstitisyon foutbòl Mondyal la dwe konpòte l.


Videyo yo montre Infantino ki parèt kontan pandan li selebre ansanm ak Claudio Chiqui Tapia, prezidan Federasyon Foutbòl Ajantin nan. Sèn nan te rapidman fè entènèt la pran dife.

Nan videyo ki sikile yo, Infantino parèt ap viv moman an ak anpil pasyon, prèske menm jan ak yon sipòtè ki nan tribin yo. Pou kèk moun, se yon reyaksyon ki nòmal paske prezidan FIFA a rete yon moun ki renmen foutbòl. Yon gwo aksyon oswa yon gòl enpòtan kapab fè nenpòt fanatik eksprime emosyon li.

Men, lòt moun kwè pozisyon li mande plis distans. Kòm responsab prensipal FIFA, ki gen misyon pou garanti tretman egal ak netralite nan konpetisyon yo, chak jès li fè ka entèprete yon fason diferan.

Jiska prezan, pa gen okenn règ ki entèdi prezidan FIFA a selebre pandan yon match. Sepandan, kesyon an rete sou imaj li bay piblik la, èske li te senpleman kite pasyon foutbòl la pran l, oswa èske yon moun nan nivo responsablite sa a dwe toujou kontwole emosyon li?

Sa ki dwe klè kou dlo kòk lè se prezidan FIFA a ki reyaji, menm yon ti selebrasyon ka tounen yon gwo sijè diskisyon nan mond foutbòl la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou