FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Men kòman sa te ye ant Lafrans ak Paragwe sou plan taktik

imaj atik la

5 jiyè 2026   Neuvième Junior   435

Nan dezyèm match 8èmdefinal Koup Dimond lan, Lafrans rive kalifye pou kadefinal nan yon match ki te ranpli ak konplikasyon. Fas yon Paragwe byen disipline e agresif nan dyèl yo, ble yo pase anpil tan ap soufri avan Kylian Mbappé te rive fè diferans pandan l te transfòme yon penalite an gòl nan 70èm minit.


Nan dezyèm match 8èmdefinal Koup Dimond lan, Lafrans rive kalifye pou kadefinal nan yon match ki te ranpli ak konplikasyon. Fas yon Paragwe byen disipline e agresif nan dyèl yo, ble yo pase anpil tan ap soufri avan Kylian Mbappé te rive fè diferans pandan l te transfòme yon penalite an gòl nan 70èm minit.

Pou jwe kont fransè yo, Paragweyen yo te mete an plas yon plan kote: y ap defann ba epi kase rit jwèt lan a chak fwa. Avèk yon òganizasyon tèt chaje ki te fè gen 2 liy devan sifas lan, nou kapab wè objektif ekip amerik la, se te fèmen aks la, anpeche konbinezon fransè yo e oblije ble yo pase sou kote. Chak fwa gen rekiperasyon, sid ameriken yo chache fè tranzisyon yo rapid pandan yo te kontinye ogmante dyèl nan rankont sa fizikman pou kase rit la. Estrateji a pa t gen lòt objektif anpeche konstriksyon jwè fransè yo.

Malgre sa, fransè yo te rive domine advèsè a san ba li souf. Poutan, akoz pa t vrèman gen posiblite pou yo kreye, mesye Didier Deschamps yo te kontwole posesyon balon an e fè baz yo nan kan paragweyen yo. Malgre sa, blòk paragweyen an te redwi espas ant liy yo e pouse fransè fè sant ak choute lwen. Monte lateral ble yo te fè a, te pote plis lajè nan jwèt la men bèl okazyon yo pa t vrèman vini pandan anpil tan nan match la.

Tout sa ki te chanje sitiyasyon an.
70èm minit, delivrans lan te vini pou Kylian Mbappé ak koyekipye li yo gras ak yon bèl pèse Désiré Doué te fè pou jwenn yon fot. Pou akòde fot sa ki te sinonim penalite a, VAR te oblije fè entèvansyon pou abit prensipal la te kapab pran desizyon e akòde penal lan. Aprè Mbappé te fin transfòme l an gòl, Paragwe te tante avanse blok li a, men defans fransèz la te rete solid e goumen pou evite pran gòl jiska kout siflè final lan.

Pou fas kare sa, paragweyen yo te pwopoze yon prestasyon defansif ki te remakab pandan l fè anpil tan ap reziste gras ak yon bon òganizasyon kolektif. Konsa, Lafrans te oblije kiltive pasyans pou yo te kapab jwenn fay nan defans lan. Si ble yo konfime solidite defansif yo a, fòk yo afiche plis kreyativite ofansif nan kadefinal la kont Mawòk ki gen yon tranzisyon rapid e ki p ap yon advèsè fasil pou chanpyon 2018 yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou