Espay te rache kalifikasyon li pou kadefinal Koup Dimond 2026 la gras ak yon gòl Mikel Merino te make nan dènye segonn tan règlemantè yo. Men, se pa sèlman rezilta a ki fè moun pale. Yon altèkasyon cho ant Rodri ak Bernardo Silva te vòlè tout vedèt yo.
Tout bagay te kòmanse lè Bernardo Silva rate okazyon ki te ka egalize match la epi voye l nan pwolongasyon. Rodri te selebre toupre kote jwè pòtigè a te fè erè a, pandan balon an menm te frape l nan figi. Jès sa a pa t pase ditou bò Bernardo Silva, ki te kouri vin mande esplikasyon, sa ki te kreye yon gwo moman tansyon ant de ansyen koyekipye Manchester City yo.
Aprè match la, Rodri pa t chèche eskiz. Li rekonèt li te depase limit.
« Mwen te fè yon erè lè mwen te selebre kote li te rate gòl la. Mwen te mande l padon touswit. Aprè sa, bagay la te fini, paske nou gen anpil respè youn pou lòt ».
Rodri fè konnen li te prese kalme sitiyasyon an sou teren an menm. Malgre echanj ki te fèt la, relasyon respè ki egziste ant li menm ak Bernardo Silva te pèmèt ensidan an pa pran plis anplè
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou