• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Champions LeagueEuropa LeagueEuroLòt Koze
AKÈY UEFA Champions League

Champions League

David mete do Goliath LDC an atè tankou jan sa te fèt nan bib la

sous: GolAyiti/imaj

3 oktòb 2024   Jacky Chery   134

Yon gwo sipriz nan jounen Lig Dè Chanpyon jodi mèkredi 2 oktòb la. Real Madrid ki se ekip ki ap domine konpetisyon sa tonbe lakay Lille 0-1 sou yon gòl Jonathan David enskri nan tan adisyonèl premye mitan an.



Klèb fransè an ki t ap resevwa mèt Lig Dè Chanpyon an fè premye viktwa li nan konpetisyon an gras ak grenn gòl sa atakan kanadyen ki sòti Ayiti an enskri sou penalite nan dezyèm minit tan adisyonèl premye mitan an.



Malgre prezans Vinicius Jr, youn nan kandida favori pou pwochen Balon Dò an, Real Madrid pa sòti vivan an Frans kote l konnen premye defèt li sou de premye match ki jwe deja yo nan Lig Dè Chanpyon an.



Yon defèt ki pa fè Madrilèn yo byen ditou kote yo twouve yon trè lwen nan klasman an (17èm), jis anvan Lille ki vini tousuit aprè nan 18èm plas la.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )