• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Champions LeagueEuropa LeagueEuroLòt Koze
AKÈY UEFA Champions League

Champions League

Stade Brestois kontinye siprann moun nan Lig Dè Chanpyon an

sous: GolAyiti/imaj

Premye Oktòb 2024   Jacky Chéry   253

Yon dezyèm viktwa pou Stade Brestois k ap dejwe tout pwonostik yo nan kad premye patisipasyon l nan yon faz final Lig Dè Chanpyon, yo kraze Salzbourg 4-0 an deplasman.



Gras ak viktwa sa jodi madi an an deplasman sou tèren Salzbourg, Stade Brestois vini premye klèb fransè ki enskri 4 gòl pou premye match an deplasman yo nan Lig Dè Chanpyon.



Klèb sa ki t ap jwe dezyèm divizyon sa pa gen lontan nan foutbòl fransè an, te reyalize yon sezon ekstraòdinè ane pase pou te kapab kalifye pou Lig Dè Chanpyon kote yo te fini dezyèm dèyè Paris Saint-Germain.



Aprè 2 premye match yo jwe nan Lig Dè Chanpyon an, Pirat yo se lidè klasman konpetisyon an avèk 6 pwen sou 6 posib yo, devan tout gwo chabrak yo.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )