• Like us
  • Follow us
  • Follow us
La LigaSegundaCopa del ReyLòt Koze
AKÈY ESPAY La Liga

la Liga

Wojciech Szezcsny siyen ofisyèlman nan FC Barcelone

sous: GolAyiti/imaj

2 Oktòb 2024   Jacky Chéry   169

Gadyen polonè an medya toupatou te anonse nan klèb katalan an pou konble absans Marc André Ter Stegen lan rejwenn ofisyèlman Blaugrana yo kote l prezante jodi mèkredi 2 oktòb la.



Ansyen gadyen Juventus lan ki te deja anonse retrèt li, repran gan li pou l kapab entegre ekip FC Barcelone lan avèk yon kontra ki lye l avèk klèb la pou yon lane.



« Onètman, mwen te pare et santi m byen lè m pran retrèt mwen an. Mwen pa t ap tounen pou okenn lòt klèb si se pa t Barça. Mwen fyè pou m isi an », deklarasyon gadyen polonè 34 lane an.



Wojciech Szezcsny se yon gadyen eksperimante ki sot pase 7 lane nan Juventus Turin, avan l te deja pase plizyè sezon nan AS Roma. Se te gadyen Arsenal egalman.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )