• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Duckens Nazon jwe fas Balotelli

sous: GolAyiti/imaj

14 avril 2024   Benswilkenson Jean   3648

Nan okazyon 32èm jounen Trendyol Süper Lig la nan peyi Tiki, atakan ayisyen an Duckens Nazon ak Kayserispor jwe kont entènasyonal italyen an Mario Balotelli ki nan klèb Adana DS la.



Rankont Grenadye a ak ansyen jwè Manchester City a raple nou dat 11 jen 2013 nan Estadio Club de Regatas de Vasco de Gama nan vil Rio de Janeiro nan peyi Brezil (Ayiti vs Itali 2:2).



Atakan ayisyen an ki pa t titilè te monte nan fen match la pou ekip Kayserispor a nan 78èm minit.



Yon match ki fini 0-0 ki bay okazyon ak chak ekip yo pou ale ak yon pwen lakay yo. Aprè match nil sa Kayserispor nan 14èm plas la ak 37 pwen.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou