• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Champions LeagueEuropa LeagueEuroLòt Koze
AKÈY UEFA Lòt Koze

Lòt Koze

Pi wouye, Cristiano Ronaldo 900 fwa pi koupe


5 septanm 2024   Schmidt Jean   365

Pou premye match li ak seleksyon Pòtigal la depi eliminasyon yo nan kadefinal Euro a kont Lafrans, Cristiano Ronaldo te jwe yo gwo tonton match epi tou pwofite selebre yon pwen enpòtan nan karyè l.



Atakan 39 lane a ki ap krache dife depi sezon an kòmanse ak Al Nassr nan peyi Arabi Sawoudit (4 gòl, 2 pas gòl nan 4 match) te retounen nan seleksyon l pou match ouvèti Ligue des Nations yo nan gwoup 1 nan Lig A a nan zòn Ewòp. Pou match sa Pòtigal l te resevwa ekip Kowasi a nan estad Da Luz la nan kapital la.



Devan piblik yo Pòtigal byen sòti ak yon viktwa 2-1 gras ak Diogo Dalot epi Cristiano Ronaldo. Anplis viktwa a pòtigè yo te selebre, se te sitou gòl Ronaldo a ki te make match sila.



Gòl sa li te make nan 34èm minit pou te bay Pòtigal avantaj 2-0 a se te 900èm gòl nan karyè l pou klèb ak seleksyon. Chif sa pèmèt Ronaldo rantre pi fon nan listwa jwèt la epi simante estati lejann li an.



Anplis gòl nan match la Ronaldo te reyisi 96% pas li yo (22/23), kadre tout chout li yo (4/4) epi kreye 3 okazyon gòl. Estatistik sa yo te pèmèt li sòti kòm meyè jwè match la.



Cristiano Ronaldo te kite plas li pou Diogo Jota nan 88èm minit mach la anba gwo aplodisman tout piblik la.



Pòtigal gen randevou ak Ekòs Dimanch k ap vini la apou dezyèm sòti yo nan fenèt entènasyonal sa. Match sa ap jwe a 2:45 PM nan lè Pòtoprens.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )