AKÈY CONMEBOL
AKÈY CONMEBOL Lòt Koze

Lòt Koze

Brezil jwenn viktwa nan eliminatwa Koup Dimond 2026 la aprè 3 defèt


7 septanm 2024   Gamarck Antoine   274

Aprè twa (3) defèt youn kole ak lòt nan eliminatwa Koup Dimond, Brezil bat Ekwatè 1-0 vandredi 6 septanm nan, sa ki pèmèt ekip la monte nan 4èm plas klasman an ak 10 pwen, li genyen 8 pwen an reta sou Ajantin, de pwen anplis Ekwatè ki 6èm.



Se premye match ki jwe depi aprè l te elimine devan Irigweye nan kadefinal Copa America, Brezil te rate anpil pas sa ki te fè ekip la genyen difikilte pou konekte ak atak la e yo pa t rive kase liy defansif Ekwatè a jan misyon an te pwograme an.




Brezil te fè de(2) chout kadre nan premye peryòd la , se Rodrygo ki te fè yo, li te tante yon koufran, e nan 29èm minit li jwenn chans pou louvri eskò a aprè li te mete yon chout nan rantre sifas la, boul la t devye nan kò yon defansè pou rantre nan kan.




Ekwatè te sòti pou egalize sou yon kont atak anvan poz la, Gabriel Magalhaes te repouse boul la sou liy lan se te sou presyon Moises Caicedo nan dènye minit premye mitan an.



Aprè poz la, brezilyen yo te toujou genyen difikilte pou delivre machandiz la, sitou Vinicius pa t twò parèt.



Rodrygo fini pi bon jwè match la, li te pale konsa ak Globo ki se yon chèn televizyon nan peyi Brezil.



«Nou te bezwen viktwa sa , kit li rich ou pa, mwen kontan pou viktwa a ak paske mwen fè gòl tou, mwen espere sa ap ede ekip la amelyore epi pwogrese nan Nivo nou vle rive a ».



KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte

Atik Popilè

Ayiti byen lanse Lig Dè Nasyon an
  • 2024-09-07 09:29:50
  • 442

Mansyon

Yon paradi pou w al viv oswa pase vakans ak fanmiw Ayiti

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl grasa nou