• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Champions LeagueEuropa LeagueEuroLòt Koze
AKÈY UEFA Lòt Koze

Lòt Koze

Squadra Azzura a korije kaye Lafrans pou lanse Lig Dè Nasyon an

sous: GolAyiti/imaj

6 Septanm 2024   Jacky Chéry   372

Seleksyon italyèn lan genyen Lafrans 3-1 jodi vandredi an pou premye jounen Lig Dè Nasyon 2024-2025 lan. Italyen yo siprann koyekipye Kylian Mbappé yo nan Parc des Princes lan.



Gras ak Di Marco (30’), Fratesi (50’) epi Raspadori (74’), Squadra Azzura a fè yon bèl rantre nan kanpay Lig Dè Nasyon sa avèk bèl viktwa an deplasman sa yo fè lakay Lafrans.



Malgré Fransè yo te jwenn ouvèti eskò a byen bonè nan match la gras avèk Barcola (1’), seleksyon italyèn lan te rive jwenn ase resous pou chavire ekip Lafrans lan epi byen sòti nan Parc des Princes lan.



Nan menm gwoup 2 sa pou Lig A a, Bèljik fè yon bèl viktwa fas Izrayèl (3-1).


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )