• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MLSUSLOpen CupLòt Koze
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

MLS : Fafà Picault ak Messi pataje pwen yo

sous: GolAyiti/imaj

31 dawout 2023   Gamarck Antoine   1625

Leonel Messi te titilè pou premye fwa nan MLS la nan match Inter Miami t ap jwe ak ekip Nashville la ayè mèkredi 30 dawout la, match la fini 0-0 se pou premye fwa depi ajanten an rive anndan ekip la li pa desizif nan yon match.




Fafà Picault ak koyekipye l yo te byen regwoupe yo pou anpeche Messi jwenn chimen filè e menm yon pas desizif li pa t rive fè, malge de bèl okazyon sou de koufran, Messi pa t rive fè gòl fas ak yon ekip ki t ap byen defann.



Inter Miami rete sou 10 match 9 viktwa, 1 nil depi lè Messi rive anndan ekip la, li toujou okipe 14èm Plas nan klasman Ès la ak 10 pwen.



"Lè w mete yon bon kantite jwè nan sifas ou a pou w pa pran gòl se difisil pou ekip ki ap atake a, sa se antrenè ajanten an Tata Martino ki ap pale aprè match la, mwen nan ekip la depi 2 mwa, pou laverite nan 50 a 52 jou travay m fè ak ekip la, nou pa janm genyen yon semèn konplè pou m travay ak jwè yo, jwe yon match chak 4 jou pa bay ase tan pou transfòme gwoup la ni pou konstwi yon gwoup."


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte