• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MLSUSLOpen CupLòt Koze
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Messi prèske bat yon rekò nan Inter Miami

sous: GolAyiti/imaj

07 dawou 2023   Benswilkenson Jean   2902

Pulga ajanten an, Lionel Messi ki apèn depoze valiz li nan klèb Inter Miami an, gentan sou yon bon wout pou l ta mete yon rekò nan klèb David Beckham lan.



7 fwa balon dò a gentan ap grenpe echèl pi bon bitè klèb la aprè sèlman 4 match ak ekip la. Pou kounya ansyen baselonè a deja make 7 gòl ak 2 pas gòl pou 4 match li jwe ak klèb la. Pulga a menm fini pi bon jwè nan tout 4 match yo.



Gonzalo Higuaín, ansyen entènasyonal ajanten an ki domine klasman pi bon bitè klèb la, pou 68 match ansyen jwè Real la jwe pou Inter Miami li make 29 gòl. Nan dezyèm plas la gen Leonardo Campana ki gen 15 gòl pou 42 match. Twazyèm plas la gen 3 moun, Lewis Morgan ak Rodolfo Pizarro ki yo chak gen 7 gòl menm jan ak Messi.



Bon estatistik Chanpyon Dimond lan nan lane 2022 a deja fè anpil moun panse li ap rive jwenn konpatriyòt li a nan tèt klasman an nan fen sezon an.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte