• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MLSUSLOpen CupLòt Koze
AKÈY ETAZINI MLS

MLS

Premye match nan MLS, premye viktwa pou Messi ki kontinye ap montre talan l

sous: GolAyiti/imaj

27 dawout 2023   Gamarck Antoine   1513

Inter Miami te gen randevou ak ekip New York RB a samedi 26 dawout 2023 a pou diskite 26èm jounen chanpyona MLS la, Inter Miami genyen match la 2-0.



Depi lè Messi rive nan ekip Inter Miami an nan jou pase yo farin nan chanje sak pou ekip la , aprè plizyè defèt youn kole ak lòt ekip la se viktwa l ap konte, se gòl ekip la ap make, ekip Inter Miami an te jwenn premye gòl li nan 37èm minit se Gomez ki te make, premye peryòd la te fini 1-0.



Leonel Andres Messi pa t kòmanse pou ekip la, li te rantre nan 60èm minit , Sergio Busquets te rantre nan menm lè sa tou, Messi te jwenn dezyèm gòl la nan 89èm minit e tou asire avans lan ak 2-0. Malgre viktwa sa ekip Inter Miami an nan 14 èm plas klasman lwès la ak 21 pwen, kikonk li avan dènye nan klasman an.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.


Konekte pou w ka kòmante Konekte