• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MondyalKoup KonfederasyonMondyal ClubLòt Koze
AKÈY FIFA Lòt koze

Lòt koze

Ajantin lanse l nan yon lòt batay ankò



04 jiyè 2024   Benswilkenson Jean   981

Aprè 48èm edisyon Copa America a, peyi Ajantin nan yon lòt gwo konpetisyon foutbòl ankò pou lane 2024 la.



Albiceleste a fwa sa angaje jèn yo nan zafè Jwèt Olenpik 2024 la ki ap fèt nan peyi Lafrans. Varyete jwèt sila ap kòmanse 26 jiyè pou li bout 11 dawout k ap vini la. Ladann 32 kalite espò ki ap genyen yo, foutbòl se paka pa la.



Sou 206 peyi ki kapab patisipe nan konpetisyon sa, Ajantin ap reponn prezan. Sitou nan disiplin foutbòl la.



Seleksyon olenpik albiceleste a ki genyen nan tèt li ansyen defansè FC Barcelone lan Javier Mascherano ap fè pati 16 ekip maskilen ki ap prezan yo.



Ajantin twouve l nan gwoup B avèk Mawòk, Irak ak Ikrèn.



Pou konpetisyon sa Mascherano sòti lis 18 jwè ki pral tante rantre ak Koup la pou yo.



Lis la konplè:


GADYEN : Leandro Brey (Boca Juniors), Gerónimo Rulli (Ajax Amsterdam).



DEFANSÈ : Marco Di Cesare (Racing Club), Julio Soler (Lanus), Joaquin Garcia (Velez), Gonzalo Lujan (San Lorenzo), Nicolás Otamendi (Benfica Lisbonne), Bruno Amione (Santos Laguna).



MITAN TÈREN: Ezequiel Fernandes (Boca Juniors), Santiago Hezze (Olympiakos), Christian Medina (Boca Juniors), Kevin Zenon (Boca Juniors).



ATAKAN : Giuliano Simeone (Atletico Madrid), Luciano Gondou (Argentinos Juniors), Thiago Almada (Atlanta United), Claudio Echeverry (River Plate), Julian Alvaraz (Manchester City), Lucas Beltran (Fiorentina).


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )