ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI Lòt

Lòt

Cristiano Ronaldo plake yon nouvo rekò nan karyè l ki kòmanse nan trantèn li

imaj atik la

11 mas 2025   Neuvième Junior   597

Semèn pase a, klèb Al Nassr te genyen randevou nan 8èmdefinal ale Ligue des Champions Azi a, Cristiano Ronaldo ki te absan nan ale a te reponn prezan pou match retou C1 an avèk Al Nassr fas Esteghlal. Nan rankont sila a, ansyen jwè Juve la ajoute sou rekò li yo aprè yon gòl li te make kont vizitè yo.


Semèn pase, klèb Al Nassr te genyen randevou nan 8èmdefinal ale Ligue des Champions Azi a, Cristiano Ronaldo ki te absan nan ale a te reponn prezan pou match retou C1 an avèk Al Nassr fas Esteghlal. Nan rankont sila a, ansyen jwè Juve la ajoute sou rekò li yo aprè yon gòl li te make kont vizitè yo.

Fas klèb Iran an, Al Nassr te konnen yon match nil (0-0) an deplasman nan match ale an. Pou retou a, klèb Arabi a chavire advèsè yo (3-0) gras ak yon gòl penal Cristiano Ronaldo make plis nouvo jwè yo an, Jhon Durán ki fè 2 gòl pou korije iranyen yo ki te anpeche yo genyen ale a.

Entènasyonal pòtigè a ki bitè pou 927èm fwa nan karyè li pandan l ap jwe sou koulè Al Nassr a mete yon lòt rekò pandan li te nan liy trantèn lan. Daprè AS, jwè 40 lane a make plis gòl aprè trantan. Anvan li te genyen laj sa, Cristiano Ronaldo te fè 463 gòl Portugal, Sporting CP, Manchester United ak Real Madrid. Pandan li nan 30 lane, CR7 fè filè tranble 464 fwa. Tout sa yo, sou koulè Real Madrid, Juventus, United epi Al-Nassr.

Eksplwa sa CR7 fè a montre kòman talan jwè a dire e rete yon lejann jiska prezan. Toujou sou koze trant lan, depi lè li genyen kantite lane sa, sipèsta pòtigè a pran twa nan senk Ligue des Champions li yo, 3 nan sis tit chanpyon l yo e 2 nan 5 balon dò yo. Ewo 2016 li te pran avèk seleksyon an, te fèt pandan jwè klèb Arabi Sawoudit la te genyen 31 lane.

Pou konkli, menm jounal AS la fè konnen depi lè jwè a kite Manchester United nan kòmansman lane 2023, granmoun lan bitè 91 fwa pou jòn e ble yo sou 102 rankont jwe nan tout konpetisyon yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )