Aprè yon fen match sou gwo tansyon, Paris Saint-Germain finalman retire biyè l pou dènye kare Champions League lan, malgre defèt li 2-3 fas Aston Villa. Parizyen yo ki deja ranpòte Ligue 1 an, toujou rete vivan nan kous pou ta ranpòte C1 an pou premye fwa nan listwa yo.

Malgre yon bon premye peryòd, ekip Luis Enrique an ki t ap mennen 2-0 avan mitan an, ta pral bite sou yon ekip Aston Villa ki te reveye l nan pou enskri twa gòl youn aprè lòt epi pran avantaj lan. Yon eskò ki pa t sifi pou ekip Unai Emery an.
Paris Saint-Germain ki te genyen match ale an 3-1 nan Parc des Princes lan, sòti vivan nan Villa Park lan, malgre defèt 2-3 sa fas koyekipye Emiliano Martinez yo.
Yon kalifikasyon ki ranfòse ekip PSG an k ap goumen depi plizyè sezon pou yon premye tit Champions League. Aprè final yo te pèdi fas Bayern Munich an 2020 an, klèb fransè an retounen nan pi wo nivo foutbòl ewopeyen an yon lòt fwa ankò.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou