Casemiro ak yon prestasyon majik ede Manchester United kalifye nan dènye minit fas OL.
Mitan tèren brezilyen an Casemiro se youn nan aktè prensipal kalifikasyon Reds Devils yo pou demifinal Europa League la fas Olympique Lyonnais.
Pou match sa ansyen mitan tèren Real Madrid la te jwe tout 120 minit la e jwe yon wòl enpòtan nan remonte ekip la nan dènye minit fas fransè yo.
Brezilyen an bay 2 pas gòl nan espas 2 minit ki pèmèt Reds Devils yo chavire eskò a 5-4 kont fransè yo.
Yon pèfòmans ki ede ekip anglè jwenn kalifikasyon l pou demifinal Europa League la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou