UEFAChampionsLeagueEuroEuropaLeagueLòt
AKÈY UEFA ChampionsLeague

ChampionsLeague

Anpil ansyen lejann kwè nan yon Remontada Real Madrid fas Arsenal

imaj atik la

15 avril 2025   Benswilkenson Jean   625

Real Madrid ap prepare l pou jwe youn nan pi gwo match pou sezon an fas Arsenal nan Champions League la.


Match sila gen yon lòt gou nan bouch Merengue yo aprè Gunners yo te pase yo 3-0 nan match ale a nan Emirates Stadium lan.

Match retou a ap jwe nan Santiago Bernabeú a lakay ekip madrilèn lan. Yon match ki deja mete anpil emosyon nan lari paske Casa Blanca a gen devwa bat 4-0 si l vle jwenn biyè kalifikasyon l pou demifinal konpetisyon an.

Plizyè ansyen jwè ki abitye fè Remontada ak Real rete optimis sou yon posib remonte madrilèn yo demen fas ekip anglè a.

Cristiano Ronaldo ki se youn nan prensipal aktè ki te konn retounen sitiyasyon an pou Real nan jan de moman sa di madrilèn yo ann ale remontada. "Ann ale Remontada Madrid, Insha Alla", deklarasyon CR7.

Ansyen lateral goch brezilyen Real Madrid la Marcelo Jr li menm tou kwè nan yon posib retounen pou Real Madrid. "Mwen kwè nan Real Madrid, e nou pral tounen. Nou toujou gen lafwa, epi jwè yo konnen fòk yo ranvèse sitiyasyon an", Marcelo Jr.

Se pa diferan pou ansyen mitan tèren lejann alman an Toni Kroos. Ansyen jwè Real la fè konnen fòk Real te pèdi pou l ka fè remontada a. " Yon match nil nan ale a pa t ap gen sans pou Real. Fòk nou pèdi pou nou ka tounen. Se yon mit ki dwe toujou vivan, fòk ekip la bay tout yo menm epi fòk estad la avèk nou. Jwè yo dwe atake san kanpe pandan premye minit yo epi Santiago Bernabeú ap la avèk yo", Kroos.

Anviwònman klèb espanyòl la reve yon lòt nwit majik aprè sa yo te konn viv nan lane ki pase yo.

Selon ou menm èske remontada a posib?

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )