ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI SaudiProLeague

SaudiProLeague

Karim Benzema k ap konnen yon bèl sezon ak Al Ittihad ap reflechi pou fè yon kraze kite sa

imaj atik la

18 fevriye 2025   Neuvième Junior   920

Daprè enfòmasyon Relevo, Karim Benzema genyen nan plan li pou kite jwe foutbòl nan lane 2025 lan swa yon lane anvan kontra l avèk Al Ittihad fini. Rezon an se akoz fransè a santi li fatige ak tout koze antrènman chak jou sa yo.


Daprè enfòmasyon Relevo, Karim Benzema genyen nan plan li pou kite jwe foutbòl nan lane 2025 lan swa yon lane anvan kontra l avèk Al Ittihad fini. Rezon an se akoz fransè a santi li fatige ak tout koze antrènman chak jou sa yo.



Malgre anvi ki genyen pou ansyen bitè madrilèn lan pran desizyon an, sa pa anpeche li kontinye reflechi toujou. Men, aprè yon sezon edmi nan klèb Al-Ittihad la, KB9 ki parèt fatige mantalman aprè yon bèl karyè byen rich, ansyen jwè OL lan genyen nan plan li pou tounen ale viv nan vil Madrid.



Pou sa, atakan an ki ap konnen yon bèl sezon ak Al Ittihad nan peyi Arabi deja antann li ak dirijan klèb an blan pou vini anbasadè ekip la aprè l ta fè yon kraze kite sa.



Anvan menm sa rive, ansyen koyekipye CR7 nan Real Madrid lan sou wout pou ta fini pakou l ak yon tit tout fwa Tig yo ta kontinye sou bon lanse yo ye a nan kontinan Azi a. Avèk yon bon Karim e Bergwijn, ekip la pran tèt klasman SPL la ak 52 pwen devan Al Hilal.

Karim ki pile tèren pandan 17 fwa li menm, konte 15 gòl ak 7 pas gòl pou dezyèm sezon li anndan klèb la.



Èske bèl pakou sa jwè fransè a kòmanse a kapab yon dènye pou li? Repons lan ap vini nan fen sezon an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )