ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI SaudiProLeague

SaudiProLeague

Klèb Cristiano Ronaldo a pa rive fè viktwa kont 6èm nan chanpyona SPL la

imaj atik la

08 mas 2025   Neuvième Junior   623

Pandan 24èm jounen chanpyona Sawoudyen an, Al-Nassr te resevwa Al-Shabab sou tèren lakay li. Rankont sa fini ak yon eskò malgre se nil, li rive chame anpil nan fanatik vizitè yo. Poutan, se pa tout fanatik klèb jòn e ble a ki apresye sa.


Pandan 24èm jounen chanpyona Sawoudyen an, Al-Nassr te resevwa Al-Shabab sou tèren lakay li. Rankont sa fini ak yon eskò malgre se nil, li rive chame anpil nan fanatik vizitè yo. Poutan, se pa tout fanatik klèb jòn e ble a ki apresye sa.

Nan 2 gòl ekip lokal la, Cristiano Ronaldo ki pa vrèman genyen menm efikasite li te genyen lontan devan kan an make youn nan yo pou ekip li. Atakan pòtigè a te jwenn wout filè a pandan tan adisyonèl yo nan premye peryòd la 45+7èm minit. Sou gòl sa, CR7 te genyen rezon sou gadyen ikrenyen an Georgiy Buchchan ki pa vrèman sou yon bon pant.

Grenn gòl Cristiano a fè li pase ak 18èm reyalizasyon l pou sezon an nan chanpyona Arabi a poutan sa pa t sifi pou te asire viktwa pou Al-Nassr.

Konsènan gadyen Al-Shabab la, rankont sa reprezante sizyèm match li ak klèb Sawoudyen an. Pandan peryòd sa, gadyen Ikrèn lan gentan pran 12 gòl. Sa ki pa jwe an favè li menm si anpil fwa, jwè yo konn koupab.

Pou fini, aprè 24èm jounen sa, Al-Nassr ki te oblije fin jwe an mwens, plase nan 4èm plas klasman an epi Al-Shabab okipe 6èm pozisyon an.

Nan semèn lan, Cristiano Ronaldo ak klèb li ap genyen pou resevwa Esteghlal FC pou tante pase 8èmdefinal C1 Azyatik la. Nan ale a, Al-Nassr te konnen yon match nil (0-0) an deplasman.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )