• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Derrick Etienne tonbe ak Toronto.

sous: GolAyiti/imaj

31 dawout 2024   Gamarck Antoine   421

Nan match ki konte pou 29èm jounen MLS la ekip Toronto a te resevwa ekip DC United la nan BMO Field la samdi 31 dawout la, Toronto tonbe 3-1. Derrick Etienne te jwe tout match la.



Premye peryòd la te fini 0-0, ekip DC United la te louvri mak la nan 67èm minit , Toronto te egalize 1-1 nan 82èm minit, Derrick Etienne ak koyekipye l yo pa t rive jere fen match la, nan 88èm minit DC United te fè gòl 2-1 an e nan 90+3 3-1 an te fèt.



Ekip Toronto a rete ak 33 pwen nan 8èm plas la ki mete l an dout pou pleyòf.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )