AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Mondy Prunier pati pou yon lòt eksperyans nan foutbòl fransè a

imaj atik la Kredi Foto: @US Orléans

24 Jen 2026   Jacky Chéry   419

Aprè 2 sezon nan peyi Bèljik, atakan entènasyonal ayisyen an Mondy Prunier retounen nan peyi Lafrans pou rejwenn US Orléans k ap evolye nan Ligue 3 fransè a. Se klèb la ki konfime sa jodi madi 23 jen an.


Grenadye an ki te transfere nan Sporting Charleroi an 2024, siyen nan US Orléans kote l pral gen pou l jwe sezon 2026-2027 la nan chanpyona twazyèm divizyon Lafrans lan. Nan peyi Bèljik, Mondy Prunier te plis jwe avèk Francs Borains, yon klèb dezyèm divizyon.

Nan premye deklarasyon l aprè transfè sa, Ti Way pa kache anbisyon li genyen pou sezon sa avèk nouvo klèb li an. « Objektif la se monte nan Ligue 2 an, e nou pral fè tout sa k depann de nou sou tèren yo pou n reyalize sa. » Atakan ayisyen an te deja jwe nan chanpyona sa sou koulè FC Versailles, aprè l te fin kite FC Rouen.

Konsènan transfè sa, Mondy Prunier fè konnen li kontan anpil dèske l siyen nan klèb istorik sa, avan l rapouswiv pou di li te deja konn tande anpil bèl pawòl sou klèb la atravè Carnejy Antoine ki te pase ladan l pandan yon moman.

N ap note, Mondy Prunier genyen 26 lane e se jwè seleksyon nasyonal ayisyèn lan kote l deja jwe 18 match epi make 7 gòl.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )