Depi 11 jen Mondyal 2026 la ap franchi chimen l nan 3 peyi ki ap òganize l yo (Etazini, Kanada ak Meksik). Ayè madi 23 jen an dezyèm jounen faz gwoup la rive nan bout li.
Dezyèm jounen faz gwoup la kòmanse depi 18 jen nan match ki te mete Repiblik Tchèk fas Afrik Disid (1-1). Pou dezyèm jounen sa a gen 24 match ki jwe nan diferan peyi òganizatè yo.
Nan 24 match sa a gen 19 viktwa ak sèlman 5 match nil. Match Peyiba-Syèd (5-1) ak Kanada-Kata (6-0) se match ki te gen plis gòl ladan yo (6). Te gen 3 match ki pa t gen gòl ladan yo pami yo Angletè-Gana (0-0). Gen yon total 66 gòl ki enskri nan dezyèm jounen an.
Nan koze katon, gen 61 katon jòn ki bay epi gen 5 katon wouj ki bay. Kata se ekip ki pran plis katon wouj nan dezyèm jounen an (2).
Konparezon chif Premye jounen an ak dezyèm jounen an.
Gòl: 75 gòl (J1) vs 66 gòl (J2).
Katon jòn: 51 (J1) vs 61 (J2).
Katon Wouj: 3 (J1) vs 5 (J2).
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou