Kredi Foto: @Golayiti
Mondyal 2026 la ofisyèlman demare 11 jen 2026 la, nan yon match ki te mete Meksik fas Afrikdisid. Match sa te fini 2-0 nan avantaj meksiken yo men te gen ladan 3 katon wouj. 2 te sòti sou afriken yo ak youn te sòti sou meksiken yo.
Pou premye jounen an gen 24 match ki jwe ladan l. Nan 24 match sa yo gen sèlman 3 katon wouj men se nan yon sèl match (Meksik-Afrik Disid). Genyen 15 viktwa ak 9 match nil.
Match ki te gen plis gòl la se Almay-Kiraso a. Match sa te fini 7-1 nan avantaj blan alman yo. Yon lòtbò match Espay-Kapvè a se sèl match ki pa t gen gòl ladan l. Se te yon match nil vyèj (0-0).
Nan koze katon te gen 51 katon jòn ki bay ak 3 katon wouj. Paragwe se ekip ki pran plis katon jòn (4) epi Afrik Disid se ekip ki pran plis katon wouj (2). Sid Afriken Teboho Makoena se premye jwè ki pran katon jòn nan myondyal 2026 la, epi Sphephelo Sithole se premye jwè ki pran katon wouj nan myondyal la. Sithole se toujou yon Sid Afriken.
Nan koze gòl, genyen 75 gòl ki make nan premye jounen Mondyal la, Meksiken Julián Quinones se premye jwè ki make gòl nan Mondyal 2026 la. Jwè paragweyen Damian Bobadilla se premye jwè ki bay tèt li gòl. Yon lòtbò entènasyonal Swis Breel Embolo se premye jwè ki make gòl sou penal.
Nan chak pòs, nan chak atik, nan chak imaj GolAyiti pote Mondyal la pi pre pou ou. Kontinye swiv nou sou tout rezo sosyal yo pou w pa rate okenn enfòmasyon enpòtan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou