Racing Club Haïtien, youn nan pi ansyen ekip foutbòl peyi a, ap fè yon demaraj difisil nan chanpyona nasyonal espesyal 2025 lan. Nan (3) twa premye jounen yo, ekip la deja pran twa (3) defèt youn apre lòt. Malgre yo make premye gòl yo nan konpetisyon an jodi a, vye Lyon yo pa t ka evite yon lòt move rezilta. Ekip la toujou ap chèche tèt li, e fanatik yo kòmanse enkyete pou sa ki ka tann yo pou rès sezon an.
Nan gwoup Lwès la, Racing Club Haïtien pou premye match yo te fas pou fas ak ekip Don Bosco FC, yon ekip ki gen estrikti, disiplin, e ki toujou bay tèt li mwayen pou li fè bon figi. Match sa a te jwe sou teren Don Bosco a, Lyon yo te kite match la ak yon defèt (2-0). Malgre yo te eseye reziste, defans lan te kase, atakan Don Bosco yo te pwofite feblès sa a pou mete de balon nan filè a.
Pou dezyèm jounen an, Racing te gen yon lòt defi istorik: Violette AC. Ekip sila, ki se rival tradisyonèl li, pa t bay okenn chans. Yo te domine match la, e yo mete twa (3) gòl san repons sou ekip Racing lan. Match sa a te mete doub presyon sou ekip la, paske li te montre anpil feblès klè ni nan defans, ni nan mitan tèren, kote yo pa rive kenbe balon an epi mete presyon sou advèsè a.
Twazyèm jounen an, ekip la t ap eseye jwenn premye rezilta pozitif li nan chanpyona a. Se te yon match retou kont Don Bosco FC ki jwe jodi 9 avril 2025 lan nan Parc Sainte-Thérèse, komin Petyonvil. Malgre kèk amelyorasyon nan jwèt la, e malgre yo make premye gòl yo nan chanpyona a, gras ak Wodolphe ki te egalize pou yo aprè "Mechan Mechan" yo te fin mennen. Sa pa t ase pou anpeche Don Bosco pran 3 pwen yo ankò. Racing pèdi match la sou eskò (2-1) e se yon menm ankò ki bay tèt yo gòl nan 90+3, yon rezilta ki vin mete ekip la ak 0 pwen apre twa (3) match.
Ekip la pran 7 gòl nan 3 match, epi li jis reponn ak yon grenn gòl. Sa a mete yo pami ekip ki gen pi move defans nan chanpyona a. Gen kesyon ki poze sou kondisyon fizik jwè yo, sou estrikti antrènman, ak sou planifikasyon teknik klèb la pou sezon sa a.
Avèk twa defèt sou twa posib ak 0 pwen nan klasman gwoup Lwès la, Racing Club Haïtien gentan di babay ak dezyèm tou konpetisyon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou