Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Semèn pase, Al-Ittihad ki nan kous pou tit chanpyon Arabi Sawoudit sezon an, te konnen yon fo pa fas Al Ahli (2-2). Ayè Jedi a, pou 27èm jounen SPL la, gras ak Unai Hernandez 45èm+7 ak Abdulrahman Al Obod 88èm, Karim Benzema ak tout koyekipye li yo bat Al Oruba (2-0).

Avèk bèl viktwa sa Laurent Blanc fè a, li te rive pase ak 8 pwen anplis dezyèm lan Al-Hilal ki te gen pou jwe jodi a.
Fas Al-Ettifaq, chanpyon an tit yo te fè deplasman pou jwe 27èm rankont yo nan chanpyona Arabi a. Avèk yon viktwa nan match sa, ble yo t ap rive redwi eka yo genyen ak fòmasyon Tig la. Malerezman, sa pa rive fèt jan yo te swete a.
Apre milye tèren yo Costa 45+6èm te jwenn ouvèti eskò a pou Al-Ettifaq, Malcom te bay egalizasyon an (1-1) ak vizitè yo nan 57èm minit pou epanye defèt la.
Sou nil sa, ekip Al-Hilal la wè jon e nwa yo gen 7 pwen anplis yo pandan rete 7 jounen pou Saudi Professionnal League la fini.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou