Chanpyona nasyonal la ap rapouswiv sou vèsyon espeyal la. Match aprè match rezilta yo ap tonbe. Nou sou 3èm jounen okenn ensidan poko pase nan konpetisyon an.
Jounen sa ap kontwole kòm 4èm jounen pou Triomphe AC pandan pou ekip Baltimore a li ap kontwole pou 3èm jounen.
Dextra Micolson genyen gwo travay pou l fè ak 700panik yo. Aprè 3 jounen yo jwe deja, yo pèdi 2 ladan yo epi yo fè yon match nil. Sa ki fè yo gen sèlman yon grenn pwen nan klasman zòn Latibonit la.
Nan 3 jounen yo se sèl kont ekip Tempête la yo te pran yon grenn pwen. Se te nan match ale a yo te fè 1-1 ak bèl kolonn yo.
Fwa sa kont ekip Baltimore a yo pral jwe match retou an aprè yo te pèdi nan match ale a 1-0 nan dezyèm jounen an.
Nan match sa yo p sp gendwa a erè. Si yo ta pèdi sa ap kondane yo nan dènye plas la ak yon grenn pwen. Sa ki fè Micolson ak jwè li yo gen obligasyon viktwa kont ekip Baltimore SC a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou