AKÈY ETAZINI
AKÈY ETAZINI MLS

USL Championship

Indy Eleven te premye ekip foutbol pwofesyonèl ki jwe ak fanatik nan stad ozetazini apre pandemi Kowonaviris a fin antre nan peyi a

sous: GolAyiti/imaj

8 Out 2020   Schmidt Jean   460

S pò pwofesyonèl te fè retou yo ozetazini an katimini nan mwa pase a pandan pandemi Kowonavoris la toujou ap fè raj nan kèk eta nan peyi a. Malgre tou lig yo deside pou pa gen fanatik nan stad yo, USL, ki se dezyèm divizyon foutbòl nan peyi a te deside retounen ak fanatik nan stad yo.


Indy Eleven, ki soti nan vil Indiananpolis, te resevwa Saints-Louis FC nan match ki te rekòmanse sezon an nan USL la jou ki te 11 Jiyè 2020 an. Yo te bat Saint-Louis 2-0 pou okazyon an.


Pou yo te prepare pou match sa, ak tout rès match sezon an, yo te suiv pwotokòl USL la mete an plas ak pwotokòl sante otorite lokal yo nan vil Indianapolis.


Plan sa yo adopte a mande pou tout fanatik nan matc yo mete gen mas you bare bouc yo ak nen yo sof lè yap manje oswa yap bwè. Tikè yo vann yon fason pou moun yo ka gen distans omwen 2 mèt ant yo. Yo pran tanperati moun yo avan yo antre nan stad la. Si yon moun gen plis pase 100.4 degre F (38 degre C), li pap ka rantre nan match la.


Gen lòt pwosedi ki antre nan plan an e ki ka antre nan plan an, menm jwe san fanatik pa epanye si kowonaviris la ta vin ap pwopaje san kontwòl. Men erezman tout bagay ap byen pase jiskaprezan paske poko janm gen yonkontajyon an mas ki fèt akoz presans fanatik nan stad yo nan USL la.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.