AKÈY ETAZINI
AKÈY ETAZINI MLS

USL Championship

Jose Baxter: yon ansyen espwa nan Premier League vin paweze nan USL la

sous: GolAyiti/imaj

10 Out 2020   Schmidt Jean   575

Y on ti tan apre apèl sa, Jose Baxter ki se youn na pi jèn jwè ki kòmanse yon match nan Premier League la (li te jwe nan Everton), kite Angletè poul vin siyen nan Memphis 901 FC poul jwe nan USL la, ki se dezyèm divizyon peyi Etazini. Kontra sa se yon yon nouvo chapit nan karyè li pase bon ak move moman.


A 6zan li te al nan sant fòmasyon Everton nan se la li te devlope epi siyen premye kontra pwofesyonèl li. Ak Everton, Baxter te jwe nan Premier League a nan Europa League la kòm gwo chanpyona. Apre Everton nan, misye te jwe pou plizyè ekip ki pa na Premier League la an Angletè. Yo te radye l de fwa akoz itilizasyon dwòg pandan li tap jwe nan Sheffield United.


Kounya, a 28tan, li vi yon moun responsab. Li pase lanuit li gade Netflix oubyen jwe jwèt videyo. Lipote atansyon ak sante mantal li a l pale sou sa ak pwofesyonèl. Li vle kontinye jwe foutbòl pou jisaske pa kapab ankò poul bay piti fi lia yon bèl avni.


Tim Howard ki seyoun nan mèt Memphis 901 FC epi direkt spòtif li, fè konnen se chanjman ak detemèminasyon sa li te wè nan misye ki fè l te mennen l nan ekip la.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.