AKÈY ETAZINI
AKÈY ETAZINI MLS

USL Championship

Karyè antrenè Landon Donovan nan ap pousuiv

sous: GolAyiti/imaj

10 Out 2020   Schmidt Jean   416

Y Akoz pratik 2 mèt distans lan, anviwon 5000 moun sèlman te ka asisste match la nan yon stad ki ka pran anviwon 20000 moun pou match San Diego Loyal ant Real Monarchs (ekip chanpyon sezon pase a) pou yon bèl viktwa 1-0 an depalsman.


Match sa te dezyèm viktwa nan karyè Donovan kòm antrenè apre yon match depi 11 Mas ekip San Diego Loyal la te jwe kont Tacoma kote yo te bat 2-1, kèk jou sèlman avan kowonaviris la te kanpe tout match nan USL la ak tout lòt lig spò nan peyi a.


Depi USL a retounen an, sou 4 match ekip Donovan nan fè 2 viktwa, yon defèt epi yon match nil. Aktyèlman yo an 7yèm pozisyon nan tout chapyona a ak 11 pwen, 5 pwen dèyè ekip ki premye a epi 2 match an mwens. Sepandan yo dezyèm nan gwoup pa yo an dèyè San Antonio FC, ekip entènasyonal Ayisyen an, Zachary Herivaux, ki gen 13 pwen epi yon match an mwens San Diego.


Pou Playoff USL la, se 2 premye ekip nan chak 8 gwoup yo kap kalifye.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.