AKÈY ETAZINI
AKÈY ETAZINI MLS

USL Championship

Philadelphia Union II, ekip USL la gen yon moun li ki teste pozitif pou Kowonaviris

sous: GolAyiti/imaj

8 Out 2020   Schmidt Jean   427

Y on jou apre ekip A a kite Orlando kote yo tap jwe tounwa MLSisBack la, Philadelphia Union II anonse gen yon moun nan ekip la ki teste pozitif pou kowonaviris.


Yon pòtpawòl ekip la fè konnen mon nan se yon manm na ekip la, li ka yon jwè, yon moun nan staf la oubyen lòt moun ki gen aksè nan tinèl oubyen sou teren, men li pap bay plis detay.


Na yon nòt pou laprès, ekip Union an fè konnen, moun ki teste pozitif la an karantèn laky li, li pa gen sentom e li an sante, doktè ekip la ap jere sitiyasyon an. Yo menm nonplis yo pa bay plis detay sou ka a.


Demen Dimanch lan, Philadelphia Union II tap jwe kont Hartford Athletic, match sa repòte pou yon dat ki poko anonse. Union ak Hartford te jwe dènye match pa yo youn kont lòt 29 Jiyè pase a, men ekip Hartford la fè konene tout moun nan ekip la teste negatif pou Kowonaviris.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.