AKÈY PÒTIGAL
AKÈY PÒTIGAL Lòt

Pòtigal: Entènasyonal

Ronaldo puisans 100+1

sous: GolAyiti/imaj

9 Septanm 2020   Michel-Ange Jean-Baptiste   1071

N an kad UEFA NATIONS LEAGUE la ki repran depi semèn pase a, ekip Pòtigal la ki te ranpòte dènye edisyon chanpyona sa te gen randevou ak peyi Lasyèd pou yo te kapab jwe 2èm match nan faz gwoup yo. Se te moman tou pou Cristiano Ronaldo te relase kranpon li apre echèk li avèk Juventus nan Ligue des Champions pase a. Ebyen CR7 pa te fè fanatik li yo wont. Sou yon koufran kel te benefisye nan manch malèt la nan 45èm minit match la Ronaldo pa t fè zuzu poul te mete balon an nan filè a. Pòtigal rantre nan vestyè a ak avantaj 1-0.


Avek 76% posesyon balon pou Pòtigal nan 2èm mitan match la tout moun te wè li te preske enposib pou Syèd ta egalize, dayè nan 45 dènye minit yo ekip coach Jan Andersson ap dirije a pa kadre menm yon chout. Koekipye Ronaldo yo te gen kontwòl tout teren an. Trè prezan nan atak yo, CR7 pat poze kesyon lè Joao Felix te pase l yon bon balon nan 72èm minit match la pou te double skò a. Sa ki te tou met fen ak espwa ekip Syèd la poul ta sove menm on match nil...


Gras ak nouvo double sa Cristiano make 100èm ak 101èm gòl li pou peyi Pòtigal sa ki pèmèt misye klase kòm 2è jwè nan tout istwa foutbòl ki make 100 gòl ou plis pou yon ekip nasyonal. Moun ki te reyalize yon pèfòmans konsa avan se yon Iranyen ki rele Ali Daei, misye te rive make 109 gòl nan karyè l pou peyi l (Iran).


CR7 ki deja jwe 165 match pou Pòtigal, ki reyalize 30 pas gòl e make 101 gòl gen anpil chans pou li bat rekò Ali a avan li met yon bout nan karyè entènasyonal li.


A 35 an, CR7 montre aklè ke'l gen foutbòl nan janm li toujou. Sa ki ta dwe fè plezi a tout fanatik boul.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.