Bagay yo mal pase pou Gunners yo nan 8èm jounen Premier League la nan peyi Angletè.
Arsenal te an deplasman lakay ekip Bournemooth la nan Vitality Stadium lan jodi samdi 19 oktòb 2024 la. Yon deplasman ki mal pase nèt pou ekip Mikel Arteta a ki pèdi 3 pwen enpòtan sa nan kous ak Cityzens yo ni ak Reds yo pou twofe a.
Gunners yo fè prèske tout match la ap jwe an mwens aprè katon wouj entènasyonal fransè a Willian Saliba depi nan 29èm minit. Finalman klèb lonn lan pa t ka sipòte presyon ekip Bournemooth la, yo te oblije bay vag nan 70èm minit lè yo pran premye gòl yo nan match la sou pye R. Christie. Pita nan match la yo ta pral pran yon dezyèm gòl sou penal.
Yon match defansè fransè a rate konplètman. Aprè 93 match ak Gunners yo, William Saliba pran premye katon wouj nan karyè l. Sa ki ap fè l rate match kont Liverpool la.
Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou