• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Fafa Picault ak ekip Vancouver Whitecaps la genyen yon dènye chan pou jwe pleyòf MLS la

sous: GolAyiti/imaj

20 oktòb 2024   Gamarck Antoine   78

Fafa Picault ak ekip li Vancouver Whitecaps te deplase pou afwonte ekip Real Salt Lake la nan America First Field samdi 19 oktòb la, match ki te konte pou 34èm e dènye jounen faz regilye MLS la, Vancouver tonbe 1-2 Fafa Picault rate penal.



Aprè yon premye peryòd ki fini 0-0 ekip Vancouver Whitecaps la te jwenn posiblite pou pran avantaj eskò a nan 52èm minit malerezman Fafa Picault te rate penal, nan 58èm minit Gauld te bay Vancouver avantaj la 1-0. Real Salt Lake te egalize 1-1 nan 73èm minit, Boehmer te bay tèt li gòl nan 82èm minit, sa ki te bay ekip Real Salt Lake la avantaj eskò a 2-1.



Defèt sa fè ekip Vancouver Whitecaps la rete ak 47 pwen nan 8èm plas klasman lwès la sa ki ba l dwa pou al diskite baraj pou pleyòf.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )