• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Amandine Pierre-Louis ak AS Saint-Etienne pa rive relanse yo

sous: GolAyiti/imaj

19 Oktòb 2024   Jacky Chéry   239

Aprè yon seri twa viktwa sou twa premye match yo nan Arkema Première Ligue la, AS Saint-Etienne rete sou 2 defèt sou 2 dènye match yo, kote yo tonbe jodi samdi an fas Dijon FC.



Malgre prezans Amandine Pierre-Louis ki retounen nan onz Laurent Mortel lan, AS Saint-Etienne tonbe 0-2 lakay li fas Dijon pou 5èm jounen an, ki tou lakoz li desann nan klasman Arkema Première Ligue lan.



Grenadye an pa t kapab ede estefanwaz yo sòti nan pyèj Dijon an e te menm kite plas li nan 66èm minit pou Adele Connesson.



Aprè 5 jounen konpetisyon, AS Saint-Etienne toujou rete ak 9 pwen an, men plonje nan 4èm plas la.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )