• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Zachary Herivaux ak ekip Rhode Island lan jwenn tikè pou pleyòf USL championship la

sous: GolAyiti/imaj

20 oktòb 2024   Gamarck Antoine   183

Zachary Herivaux ak ekip Rhode Island lan te deplase pou jwe 35èm jounen USL championship la fas ekip Charleston battery a nan Patriots Point an, match la fini yon gòl nan chak kan, sa ki pa retire anyen sou kalifikasyon ekip Rhode Island lan pou pleyòf.



Se yon match ekip Rhode Island lan t ap tann pou te asire pleyòf li, yon match nil ase te sifi, nan match se Rhode Island ki te ouvè eskò a an premye se te nan 45+2 minit, se ameriken an Fusion ki te fè gòl la, Charleston battery te egalize nan 71èm minit 1-1.



Match nil sa mete Zachary Herivaux ak ekip li nan 5èm plas klasman ès la ak 48 pwen, nan 9è plas la genyen Hartford Athletic ki a 43 pwen, premye ekip yo ap kalifye pou pleyòf, Rhode Island a 48 pwen, si li ta pèdi dènye match la ekip Hartford la ki nan 9èm plas la bat, li ap vin pase a 46 pwen, kidonk Zachary Herivaux ak ekip li jwenn tikè pou pleyòf.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )