• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Danley jean jacques ak Philadelphia Union tonbe nan dènye jounen faz regilye MLS la

sous: GolAyiti/imaj

20 oktòb 2024   Gamarck Antoine   71

Nan okazyon 34èm e dènye jounen faz regilye MLS la, Philadelphia Union te resevwa ekip Cincinnati a nan subaru Parc la, Philadelphia Union tonbe 1-2 , aprè l te mennen 1-0. Danley jean jacques te rantre nan 15èm minit.



Ekip Philadelphia Union te deja konnen li p ap al jwe pleyòf depi aprè defèt fas a Orlando nan 35èm jounen an, Philadelphia Union te ouvè eskò a nan 2èm minit ak Sullivan, Cincinnati te egalize nan 45+4 minit, aprè poz la Glesnes te bay tèt li gòl se te nan premye minit nan dezyèm peryòd, 46 minit nan tout match la sa ki te bay ekip Cincinnati a avantaj 2-1, yon avantaj ki te kenbe pou jis match la fini.



Ekip Philadelphia Union nan fini nan 12èm plas klasman ès la ak 37pwen pandan Cincinnati fini nan 3èm plas klasman ès la ak 59 pwen.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )