• Like us
  • Follow us
  • Follow us
MondyalKoup KonfederasyonMondyal ClubLòt Koze
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Repiblik Dominikèn fè match nil ak Nouvèl Zelann nan dezyèm match li nan Mondyal U17 fi a

sous: GolAyiti/imaj

20 oktòb 2024   Steve Pierre   225

Pou dezyèm match li nan Mondyal U17 fi a, Repiblik Dominikèn rive fè yon match nil (1-1) kont Nouvèl Zelann, ayè. Malgre plizyè okazyon ki te kreye pa tou de ekip yo, gadyèn yo te yon baryè solid pou chak bò yo, keseswa Jaylen Rondon pou dominikèn yo oubyen Sophie Campbell pou neyozelandèz yo.



Match la te kòmanse ak anpil entansite, kote chak ekip te eseye pran avantaj la nan bò pa yo, men premye mitan an fini (0-0) gras ak gwo pèfòmans gadyèn yo ki te anpeche plizyè gòl fèt. Jaylen Rondon te genyen plizyè bèl entèvansyon pou Repiblik Dominikèn, pandan Sophie Campbell, gadyèn Nouvèl Zelann lan, te montre kapasite l nan kenbe balon yo.



Nan dezyèm mitan an, Nouvèl Zelann te jwenn avantaj nan 60èm minit, lè Renata Mercedes, nan yon moman difisil, te bay pwòp tèt li gòl. Ekip dominikèn nan te sou presyon, men yo pa t desann moral la. Nan 68èm minit, Yuleinis Brito te jwenn egalizasyon an pou peyi k ap òganize konpetisyon an sou yon bèl frap aprè kote Mikaela Bangalan, nimewo 6 Neyozelandèz yo, te mal degaje yon balon.




Repiblik Dominikèn ap fè fas ak yon gwo defi nan pwochen match la, ki se twazyèm ak dènye match yo nan premye tou a, kont Nijerya, madi k ap vini la a 7è nan aswè. Nijerya deja genyen de (2) premye match li yo, (4-1) kont Nouvèl Zelann ak (4-0) kont Kolonbi. Pou vwazin nou yo genyen chans kalifye, y ap bezwen bat Nijerya, yon defi ki parèt difisil, pou n pa di enposib.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )