• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premye DivizyonDezyèm DivizyonSeleksyon NasyonalEkspatriyeLòt Koze
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Ricardo Adé ak ekip Liga de Quito kenbe tèt klasman chanpyona Ekwatè a

sous: GolAyiti/imaj

20 oktòb 2024   Gamarck Antoine   120

Nan okazyon 10èm jounen seri kloti chanpyona Ekwatè a Ricardo Adé ak ekip Liga de Quito te deplase pou afwonte ekip Tecnico Universitario a nan estad Estadio Bellavista samdi 19 oktòb la, Liga de Quito bat 2-1, li te pran yon katon wouj nan 58èm minit.



Liga de Quito te ouvè eskò a nan 41èm minit gras ak ajanten an Alzugaray , sa ki te pèmèt Albos yo rantre nan vestyè ak avantaj eskò a. Alex Arce te fè gòl pou mete match la 2-0 nan 65èm minit. Tecnico Universitario te redwi eka a nan 83èm minit pou mete match la 2-1.



Daniel de la Cruz te pran yon katon wouj pou Liga de Quito nan 58èm minit, yon katon wouj ki pa t anpeche ekip la akouche viktwa, aprè viktwa sa Liga de Quito kenbe tèt klasman an ak 22 pwen. Ricardo Adé te jwe tout match la.


KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )