• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Saudi Pro LeagueArab CupAsian Champions LeagueSaudi CupLòt Koze
AKÈY ARABI Saudi Pro League

Saudi Pro League

Karim Benzema kenbe Al-Ittihad nan kous tit SPL la



19 oktòb 2024   Neuvième Junior   232

Jodi samdi a, nan match chòk jounen an nan Saudi Professionnal League la, Al-Ittihad ki anfòm nan kòmansman sezon an, te genyen okazyon pou reprann dezyèm plas klasman an tout fwa yo te fè viktwa fas Al-Qadisiya.



San difikilte, pwoteje Laurent Blanc yo ranpli misyon yo. Sèvi an pwofondè, Karim Benzema ouvè eskò a nan 8èm minit jwèt pou (1-0) a.



Poutan, reyaksyon vizitè yo pa t pran tan pou l vini ak Pierre-Emerick Aubameyang ki te pran tout san fwa l pou egalize. Ak yon lòt sèvis Houssem Aouar pou atakan fransè a ki te fè yon bèl travay jis pou mete Moussa Diaby alèz e rive fè premye gòl li ak Al-Ittihad pou tounen bay avantaj lan ak klèb Djeddah (2-1, 68èm).



Mario Mitaj ki pa t ko fè fanatik yo kontan, e sa se pandan l make premye gòl li nan karyè l pou soude siksè ekip li (3-1, 81èm). Avèk siksè sa, Al-Ittihad tounen nan dezyèm plas la epi redwi eka pwen ki vin 3 ak lidè SPL la Al-Hilal.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )