• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Premier LeagueChampionshipFA CupLòt Koze
AKÈY ANGLETÈ Premier League

Premier League

John Stones sove Manchester City nan dènye minit

sous: GolAyiti/imaj

20 oktòb 2024   Benswilkenson Jean   92

Nan yon match difisil kont ekip Wolver Hampton lan, defansè 30 lane anglè a John Stones sove Pep Guardiola ak Manchester City.



Malgre titilarizasyon atakan vedèt yo a Erling Haaland, Wolver Hampton manke fèmen bouch Guardiola nan 8èm jounen Premier League la.



Depi nan 7èm minit, atakan Wolver a Jørgen Strand Larsen te jwenn wout filè kont Manchester City. Cityzens yo te kontinye bouske, jouk rive nan 33èm minit lè defansè kowat la Josko Gvardiol te egalize pou yo. E te tou pwofite vini defansè ki make plis gòl (6) pou lane 2024 la nan Premier League la.



Manchester City te gentan pran wout li dwat pou konnen yon match nil pou 8èm jounen sa. Men defansè anglè a sove yo nan dènye segonn match la lè li make gòl viktwa a nan 90+5 minit.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )