• Like us
  • Follow us
  • Follow us
Saudi Pro LeagueArab CupAsian Champions LeagueSaudi CupLòt Koze
AKÈY ARABI Saudi Pro League

Saudi Pro League

Al Ahli konnen yon viktwa malgre sitiyasyon yo chanje pou Firmino



19 oktòb 2024   Neuvième Junior   127

4 jiyè 2023, Roberto Firmino te kite bato Liverpool la pou ale navige nan peyi Arabi Sawoudit. Pou sa, entènasyonal brezilyen an te siyen ak klèb Al Ahli a. Aprè sezon 2023-2024 la, nouvo pastè a deja lanse dezyèm sezon l ak klèb Arabi a.



Pou sezon sa, SPL la pati pou 7èm jounen an. An deplasman nan estad Prince Mohamed bin Fahd la, klèb ròyal lan bay yon koreksyon ak Al Khaleej Saihat jodia.



Avèk Roberto Firmino sou ban epi ansyen elye Manchester City a sou tèren an, Al Ahli frape do advèsè a atè ak yon eskò (0-3). Pou ranpli misyon sa nan fyèf Al Khaleej, Albrikan 55èm te montre wout kan ak Toney 70èm epi Demiral 74èm minit pou te bay viktwa ak vèt yo.



Atakan brezilyen an ki wè chans pou l ta jwenn konvokasyon nan seleksyon an redwi plis, te moute tèren an nan 46èm minit. Malgre kantite tan sa, li pa t genyen chans make nan rankont sila. Selon estatistik yo, ansyen jwè Liverpool la deja jwe 7 rankont nan SPL la pou 2 gòl.

KÒMANTÈ

Poko gen kòmantè sou atik sa. Fè premye a.



Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )